Liv resèt: kizin pou entegrasyon chilyen-ayisyen

8 4 Plat 40 minit Preparasyon: 1. Lave ak dezenfekte legim, retire grès nan vyann poul. 2. Fri vyann poul la jiskaske li pran koulè e ajoute legim yo tou koupe, fri yo lejèman. 3. Ajoute pòmdetè yo, joumou, bannann, mayi avèk chou, epi vide dlo frèt jiskaske dlo a kouvri tout viv yo e kwit yo. 4. Retire joumou an ki kwit, moulen li e ajoute li ansanm avèk makawoni yo. Kite tout bagay kwit avèk dlo. Konsèy pou aranjman: Sèvi li byen cho. Mete viv yo nan yon bòl epi vide bouyon an sou yo. Fini avèk kèk fèy pèsi. Pla trè konplè paske li pote pwo- teyin (vyann poul), glisid ki ba nou enèji (pòmdetè, makawoni ak ban- nann vèt), anplis legim ki ba nou fib dyetetik (fib nan manje). Engredyan: Ti kwis poul 4 grenn (800g) Pòmdetè 4 grenn ki piti (100g) Joumou 4 mòso nòmal (300g) Mayi 4 mòso (200g) Zonyon ¾ tas (60g) Lay 3 gwo dan (6g) Kawòt ½ tas (40g) Makawoni 1 tas (100g) Epina ½ tas (30g) Bannann vèt 2/3 grenn (200g) Chou 1 tas (60g) Pèsi Yon ti ponyen(6g) Sèl, piman, pwavwon anpoud, epis Jan ou vle

RkJQdWJsaXNoZXIy Mzc3MTg=