Liv resèt: kizin pou entegrasyon chilyen-ayisyen

5 Mwayen pou Ijèn nan manyen aliman pandan nou ap fè manje Lave men yo avan e aprè nou: -Ale nan twalèt. -Estène, touse ak mouche nen nou. -Touche cheve nou, figi ak rad. -Netwaye tab oubyen manyen veso sal. -Manyen pwodwi chimik. -Touche vyann zwazo, vyann bèf ak pwason kri. Pandan nou ap fè manje nou dwe evite: -Grate tèt nou oubyen touche cheve nou. -Touse oubyen estène san nou pa bouche bouch ak nen nou. -Fwote ak touche nen, je ak zòrèy nou. -Krache, fimen, moulen chiklèt oubyen manje. -Manyen bagay ki kapab kontamine oubyen distrè tankou yon selilè, kas oubyen lòt bagay. Kosènan preparasyon yo: -Separe aliman ki kri ak sa ki kwit yo pandan prepa- rasyon an, menm jan pou ou konsève yo nan frijidè a. -Elimine glas nan aliman yo atan, pandan nou ap mete yo nan tanperati refrijerasyon oubyen kwit yo dirèkteman jan sa dwe ye. Pa kite aliman yo atè pou nou retire glas. -Bouyi preparasyon yo ak kwit konplètman aliman yo, sitou vyann wouj ak blan, zeak pwason. -Kite manje a cho anpil (plis pase 60°C) jiska moman pou nou sèvi li.

RkJQdWJsaXNoZXIy Mzc3MTg=