Liv resèt: kizin pou entegrasyon chilyen-ayisyen

4 Prezantasyon preparasyon, dezyèm edisyon manje melanje. Aktivite avèk timoun pandan paran yo ap fè manje. Migrasyon, kòm pwosesis sosyal ki pèmèt rankont plizyè kilti, genyen pou wè tou avèk alimantasyon. Se konsa preparasyon tipik fanmi migran yo jwenn aliman ak kilti nouvo peyi yo rete a. Yon lòt kote, peyi yo rete a anrichi avèk nouvo aliman ak resèt. Nou dwe travay aspè sa a e rann li pi fò pou nou prepare manje ki bon pou sante nou e ki pèmèt yon entegrasyon nan respè. Preparasyon liv resèt sa a fèt nan yon travay ak kolaborasyon fanm ayisyèn. Nou kò- manse ak preparasyon resèt chilyen, nou kontinye ak preparasyon resèt ayisyen yo ba nou, pou nou te kapab travay ansanm plan pwopozisyon manje melanje, ki nan liv resèt sa a; ki espere, anplis, prezante konsèp debaz ijèn ak kijan pou nou manyen aliman yo pou nou fè manje san pwoblèm. Anplis li abòde konsèp nitrisyon pou chak resèt ki ankouraje pou nou rete ansante. Liv resèt sa a se pwodwi fini pwojè ekstansyon “Pwogram pou entegrasyon manje pou evite malnitrisyon timoun imigran ayisyen yo”, ki genyen Fon nan konkou ekstansyon nan Fakilte Medsin nan Universidad de Chile. Prezantasyon

RkJQdWJsaXNoZXIy Mzc3MTg=