Liv resèt: kizin pou entegrasyon chilyen-ayisyen

13 4 Plat 45 minit Djondjon yo genyen vitamin D e pwa vèt la (soja) se pwoteyin vejetal san li pa plen grès. Engredyan Diri 1 tas (160g) Zonyon 1 grenn (150g) Djondjon nwa ki sèch 1 tas (30g) Pwoteyin pwa san dlo 1 tas (100g) Luil 1 kiyè (5cc) Sal ak Comino jan ou vle Preparasyon: 1. Mete djondjon sèch yo nan dlo cho pandan 15 minit jiskaske dlo a kouvri yo. Rezève dlo ou fin tranpe li a. 2. Mete pwoteyin pwa nan mwatye dlo ou te fin tranpe djondjon yo, pandan 15 minit. 3. Sote zonyon an nan yon ti luil ansanm avèk djond- jon ak pwoteyin pwa (soja) ki deja genyen dlo. Ajoute diri a pou li grennen. 4. Ajoute lòt mwatye dlo ou te fin tranpe djondjon an e fin rive li avèk dlo bouyi, epi kwit li pandan 20 minit. 5. Sizonnen. Konsèy pou aranjman: Dekore avèk fèy pèsi oubyen pèsi. Akonpanye li avèk salad. Diri ak Djon Djon avèk Pwa

RkJQdWJsaXNoZXIy Mzc3MTg=